Kesyon yo Souvan Poze
Poukisa yon trust/kapital pou necesite espesyal?
Kisa li koute pou vin manm?
Poukisa gwoup fon-ekononik la travay?
Kiyès ki manm gwoup la?
Ki lòt opsyon-w yo?
Sak pase si yon moun andikape, ak moun plis ke 65 ane, pa gen yon gwoup pou nesesite espesyal?
Eske gen yon kantite minimòm ki bezwen envesti nan kapital la ?
Kiyès ki administre kapital la?
Kòman yo kapab itilize lajan an?
Poukisa yon trust/kapital pou nesesite espesyal?
Konsidere sa : Yon timoun ki ne ak andikap petèt pap jamè kapab jwenn asirans medikal. Aprè kouvèti asirans paran li – lè-li vin gen 18 ane – yon moun ak nesesite espesyal kab te gen deja yon kondisyon ki fè-l pa asire. Yo pral gen pou chache kouvèti asirans ak Medicaid. Sepandan, si yo genyen plis ke 2,000.00 byen materyèl sou non yo, yo pa pral kalifye pou Medicaid.
Konbyen Li Koute Pou Vin Manm?
Aranjman inisyal pou kanè bank Gwoup Finans atravè Rezo Familyal sou Andikap pa koute ANYEN.
We konprann ke Gwoup Fon-Ekonomik pou Nesesite Espesyal kab rete vid – pa finansye – diran dèzane, e kab pa finansye jiska ke yo paye yon heritaj, yo bay yon kado, ou benefisyè a recevwa yon rekonpans pou aksidan pèsonèl – moun ak andikap la.
Nan moman ke yo fonde kapital la, yo pral mete sou kanè a yon chaj administratif $750.00 premye fwa sèlman.
Pa gen okenn chaj minimòm – sèlman 3.15% balans anyèl la, menm si li $50,000.00 ou $50.00. Chaj sa enkli tout konsèy gesyonè yo, administrasyon, chaj pou jesyon lajan an.
Pa gen chaj ekstra, chaj anba tab, ou konbinezon chaj ak pri.
Chaj-sa pa jamè ogmante diran preske 10 ane depi Gwoup Finans-lan ap fonksyone.
Menmsi yo pataje fon nan tout kanè-yo pou pi plis gen potansyèl, chak kanè se kòm yon kapital/fon separe. Nou dwe responsab endividyèlman pou chak kanè, kòd règleman envestisman nou-an ekstrèmman konsèvatif, ak yon gid filozofi pou sekirite ak prezèvasyon kapital pou moun ki konfye-n avèk byen/kapital yo a.
Poukisa Pooled Trust/Gwoup Finansyè a Travay
Avan ke nou kòmanse Trust la, moun andikape ki te genyen mwens ke 500,000. 00 pou mete nan kapital pat gen okenn kote pou ale jwenn sèvis pwofesyonèl konsèy jesyonè yo. Pooled Trust la founi konsèy dirijan, administrasyon an, gesyon lajan, sèvis netwayaj a yon chaj rezonab. Mezi mwayen kanè/kont nou-an ant $25,000.00 - $40,000.00. Sa prevni moun andikape ki genyen yon gwo kantite lajan antame depanse li jiskas ke yo rive a $2,000.00. Nou dezinye sa pou-l se yon egzanp, ”okenn dezòb ni bouskilad”, solisyon pou moun andikape ki gen anpil enkyetid nan lavi. Preokipasyon finansyèl tankou sa pa-ta dwe yonn nan yo.
Kiyès ki kab fè pati Pooled Trust/Gwoup Finansyè a?
Nenpòt moun andikape ki vle prezève aksè a kapital/lajan e toujou jwenn benefis gouvènman kapab vin manm Pooled Trust la. Li travay pi byen pou moun andikape ki gen pwòp lajan yo – souvan nan ekonomi, eritaj, aranjman aksidan pèsonèl, etc. – ki ta diskalifye-yo pou resevwa benefis. Pa gen okenn aj dentèdiksyon sou kiyès ki kapab vin manm, ki diferan ak lòt tip fon-lajan pou nesesite espesyal.
Ki Lòt Opsyon Ou?
Si lajan kap finansye Kapital-la sòti de yon moun ki pa moun andikape a – tankou paran an – gen lòt tip fon pou necesite espesyal ki gen plis fleksibilite. Si moun andikape-a ou reprezan yo konfòtab pou chwazi yon konsèy jesyonè e pou debouye-w avèk preokipasyon konsènan jesyon yon kapital, gen lòt opsyon disponib nan sitiyasyon sa yo.
Sak Pase Si Yon Moun Andikape Pa Gen Yon Fon Pou Necesite Espesyal?
Anyen. Depi pa genyen okenn byen-materyèl sou non yo. Sepandan, pou moun ki pa kapab jwenn asirans medicaid, ak yon ogmantasyon rapid nan valè biznis-lan pral ekskli yo pou resevwa swen medikal ki peye atravè Medicaid.
Yon egzanp ta kab timoun ak kondisyon pre-egzistan kòm retadasyon mantal, paralizi natal ou yon lòt andikap. Pandan yo pa gen 18 tan, timoun sa-yo kab kouvri anba asirans paran ou responsab legal yo. Men, aprè 18, preske tout konpayi asirans pa pral bay kouvèti.
Eske Gen Yon Kantite Minimòm Ke Yo Bezwen Envesti Nan Gwoup Finansyè/Pooled Trust la?
Nou pa gen yon minimòm. Yo kapab depoze nenpòt kantite. Nou se yon òganizasyon ki pa pou pwofi, chouke ak rasin, e pou dwa sivil ouvè a moun de tout andikap e laj, ras, kwayans, koulè ou gwoup ekonomik.
Kiyès ki Administre Fon/Trust la?
Daprè lwa a, konsèy jesyonè yon Gwoup Nesesite Espesyal dwe yon òganizasyon ki-pa pou pwofi. Rezo Familyal sou Andikap nan Florid, Enc. se yon non pwofi òganizasyon 503 (c)(3). Nou egziste depi 1985, nap sèvi moun ak andikap e fanmi yo atravè Florid, nan Pensacola jiska Key West.
Lis anba-a ilistre kèk egzanp itilizasyon pèman ki kab sòti nan Pooled Trust la.
Pwosedi medikal ke pwogram benefis gouvènman-an pa founi.
Teknoloji ak asistans pou moun andikape yo
Chèz woulant ak motè, minibis byen ekipe, objè pou tande e wè byen, e ekipman similè pou amelyore kalite lavi benefisyè yo.
Sèvis jesyon swen
Chaj Gadyen yo
Chaj avoka yo
Swen enfimyè adisyonèl
Pwosedi medikal ke asistans gouvènman pa founi
Diferansyèl nan kay koute selon chanm pataje e prive
Depans vwayaj
Depans pou plezi
Nenpòt lòt depans ke pwogram benefis gouvènman-an pa founi
|