FIRST FLORIDA POOLED TRUST
Pwoteje Kapital yo, Presève Endepandans, e Founi Kalite lavi.

The First Florida Pooled Trust (Premye Gwoup Kapital/Lajan Florid la) se yon fon ekonomik ak nesesite espesyal pou moun andike tout laj, depi ti bebe jiska granmoun/vyeya.  Tankou tout nesesite espesyal, li gen sèlman yon objektif:  Pou otorize moun andikape de tout laj pou kenbe aksè a byen-materyèl yo epi toujou kalifye pou benefis gouvènman an, kòm Medicaid ou Salè Sekirite Siplemantè (SSR).

Selon Lwa Deta e Federal, yon moun ki gen fon plis ke $2,000 pa kalifye pou resevwa benefis nan Medicaid.  Yon fon pou nesesite espesyal pral ede asire ke moun andikape kenbe kalifikasyon yo-a pou resevwa benefis Deta e Federal yo.

Presedamman yon enstriman finansyèl privilejye - ak aksè davoka plis konseye finansyèl - sou fon pou nesesite espesyal te difisil, si-l pat enposib, pou fanmi ak salè mwayen jiska salè ki ba pou planifye e jesyone.  First Florida Pooled Trust la disponib a tout moun andikape, an depi de kantite lajan ke yo genyen.

First Florida Pooled Trust-la baze sou chwa, e bay moun andikape abilite pou chwazi ki sèvis e pwodwi yo ta vle resevwa, angiz lòt sektè dikte-yo kisa yo kapab resevwa.  Nou kwè sa, nenpòt lè posib, moun andikape ta dwe pran pwòp desizyon yo konsènan swen, tretman, aranjman vi, e tout lòt aspè lavi yo a.  First Florida Pooled Trust kreye pou yo kapab fè jisteman sa.  Nou pral eksplike tou tout opsyon finansyèl ki disponib, e ede-w deside kiyès ki jist pou oumenm ak fanmi-w. 

Si-w gen yon timoun andike oswa yon paran aje, pran desizyon kounyeya pou pwoteje avni yo.  Si-w se yon moun andikape, yon fon pou nesesite espesyal kapab ede-w vin kalifye pou benefis gouvènman tankou Medicaid e SSR.  Yon fon pou nesesite espesyal pral pwoteje endepandans, chwa, e kalite lavi.  Pou plis enfòmasyon sou First Florida Pooled Trust la, kontakte nou jodiya silvouplè ou fè klik sou senbòl FAQ la (Kesyon yo Souvan Poze).